Ayiti nan kè nou. Mond lan nan je nou.
Medya endepandan
Kesyone. Reflechi. Aji.
Yon vwa ki poze kesyon

Lè nou poze bon kesyon,
nou louvri chemen.

Tabou Network se yon medya endepandan ki kesyone reyalite yo, chèche prèv, epi fè konesans sikile pou ede transfòme sosyete a.

Tabou Network se yon medya endepandan ki fè pati Lakou Kay Gran’n, òganizasyon k ap pote vizyon kominotè sa a.
Dekouvri Lakou Kay Gran’n ↗
Pòt antre

Eksplore Tabou Network

Pwogram, rankont ak memwa ki montre kijan Tabou Network pote kesyon, kilti ak konesans nan espas piblik la.

Nan achiv la — Seleksyon sa a mete aksan sou pwogram ak evènman Tabou Network yo. Nou pral kontinye louvri lòt pòt nan achiv la.
Prensip nou

Poze kesyon. Chèche verite. Fè konesans sikile.

Nou pa pran kesyon yo pou kreye bri. Nou poze yo pou konprann pi fon, verifye sa k ap sikile, epi louvri espas pou refleksyon, dyalòg ak aksyon.

VeriteRijèKourajRespèOuvètiEntegrite
Sou Tabou Network

Ayiti nan kè nou.
Mond lan nan je nou.

Tabou Network pote yon angajman pou endepandans, responsabilite ak solidarite. Nou kwè yon medya dwe ede moun konprann sa k ap pase, tande vwa ki merite plas yo, epi reflechi ansanm sou chemen pou lavni.

Travay la pran plizyè fòm

Konvèsasyon literè. Ti koze. Emisyon radyo. Rankont kiltirèl. Chak espas se yon envitasyon pou poze kestyon, pataje konesans epi konstwi ansanm.